

EKOSITÈM EDIKATIF MODÈN
Yon konesans itil
se lè w
Pataje l
|
Éducation Intégrale se yon ekosistèm edikatif ki mete konesans, inovasyon ak pratik ansanm pou fòme sitwayen ki pi prepare pou lavi ak pou avni Ayiti Demen.
VALÈ NOU OFRI
Edikasyon Pratik
Nou òganize sijè yo an ribrik, seri ak epizòd pou rann aprantisaj la pi klè, pi fasil, epi pi itil.
Konesans Estriktire
Éducation Intégrale se yon ekosistèm edikatif ki mete konesans, inovasyon ak pratik ansanm pou fòme sitwayen ki pi prepare pou lavi ak pou avni Ayiti.
Aksè Dijital
Kominote a ka jwenn kontni nou yo sou Facebook, TikTok, YouTube, Instagram ak platfòm Éducation Intégrale la.
Kominote Angaje
Nou bati yon kominote ki aprann, pataje, sipòte, epi grandi ansanm ak konesans itil.
SA NOU OFRI
Konesans pou bati Ayiti Demen
Éducation Intégrale se yon platfòm modèn ki mete konesans itil, pratik ak aksesib a dispozisyon tout moun. Nou kreye kontni k ap ede w devlope tèt ou, ranfòse kapasite w, epi prepare w pou w reyisi nan lavi pèsonèl ak pwofesyonèl ou. Objektif nou se fòme sitwayen onèt, vizyonè ak patriyotik pou yon lòt ayiti demen .
DOMÈN ENTÈVANSYON NOU
Yon Ekosistèm Edikatif Ki Touche Tout Aspè Lavi
Ayiti, Sitwayènte ak Devlopman.
Ayiti Demen, Sitwayen Ayiti Demen ak Konnen Ayiti Pi Byen ede nou konprann peyi a, fòme sitwayen ki pi konsyan, epi imajine yon avni miyò pou Ayiti.
Sante, Anviwonman ak Agrikilti.
SANAD, ARIANA ak AGRIKAD pote konesans pratik sou sante, resiklaj, anviwònman ak agrikilti pou amelyore lavi moun epi ankouraje devlopman dirab.
Lang, Kilti ak Eritaj
LKA, Memwa Literè Ayisyen ak EWANA mete an valè lang nou, memwa nou, kilti nou ak richès natirèl Ayiti pou ranfòse idantite ak fyète nasyonal.
Refleksyon, Valè ak Pwogrè
Oze Reflechi, Seri Bon Konpòtman ak FANM ede kominote a reflechi pi byen, pratike bon valè, respekte diyite moun, epi bati yon sosyete ki pi jis.
CHIF /ENPAK
ENPAK NOU
Yon Kominote Edikatif
REYAKSYON YO
Sa Moun Panse de Nou
Mwen renmen kontni Education Integrale ap pataje yo. Yon enstriktif, yo ap ede jenerasyon sa konn enpòtans peyi li. Kenbe la!
Depi lè mwen tonbe sou paj nou sou facebook, m tou abòne. Kontni nou yo entèresan, tout kouch moun ka gade. Bravo! Viv yon nouvèl Ayiti.
Pwodui
- Dokiman PDF
New Page Sub Title
Copyright © 2026 Éducation Intégrale Spexo Wordpress Theme
Added to cart
Check out our shop to see what's available